Groupe d’Action Francophone pour l’Environnement
20 ans de militantisme et d’action de terrain

Accueil > Nos publications > Environnement > Ti Mag’ Numéro 7 : Le changement climatique

Ti Mag’ Numéro 7 : Le changement climatique

Lektè nou yo,
Pa gen ka pèdi, sa pa ekziste. Menmsi se yon gwo manman pwoblèm ki depase nou, sa pa vle di nou pa kapab fè anyen, epi nou kraze yon kite sa. Okontrè ! Se nan difikilte pou montre ou gen kouraj, ou kenbe pa lage. Ayiti patisipe pou yon ti pati, touzwit nan chanjman klimatik mondyal la, poutan li se youn nan peyi ki pi frajil
yo. Nan ka sa a, ki pozisyon pou leta ayisyen adopte ? Mande senpman peyi endistriyalize polyè pou limite « gaz efè sè » yo ? Ouben, di pa gen anyen pou fè, epi pa fè anyen ? Ouben, deside pran pwoblèm nan, mare ak li, epi deside pwopoze kèk posibilite aksyon : altènativ, kèk lide inovasyon ? Ekip Gwoup Aksyon Frankofòn pou Anviwònman kwè Ayiti genyen plas li nan deba yo ak nan lit k ap mennen pou ranvèse tandans la. Nou dakò, pwoblematik sou klima a konplike, men nan nivo li Ayiti kapab bay ekzanp. Kòman ? Se pou nou kite nèt politik detwi pwòp tèt nou an, se pou nou kòmanse prese prese tranzisyon enèjetik la, se pou mete aplikasyon
prensip polyè-peyè (moun k ap anpwazonnen an li dwe peye), se pou nou respekte konvansyon entènasyonal Ayiti siyen epi ratifye, se pou nou envesti nan rechèch ak nan inovasyon, se pou nou fè edikasyon jèn yo … Kòm sitwayen, oumenm lektè, ou gen mo pa ou pou di nan oryantasyon politik yo. Se dwa ou pou kesyone desidè yo sou pwoblematik ki konsène ou, oumenm ak pitit pitit ou yo. Ou panse rechofman klimatik la pa konsène ou, se pa zafè pa ou. Chwazi pou angaje ou nan mouvman sitwayen tankou ALTÈNATIBA pou defann lide ou yo, patisipe nan mete estrikti kanpe nan tèritwa ou yo nan tabli plan kominal devlòpman (PCD).
Pou kont ou, ou pap rive ! Se kolonn ki bat !
Ann mete men !