Kontra pour yon lòt anviwònman ak yon lòt sosyete an Ayiti
Reyalite politik, sosyal, ekonomik, kiltirèl ak eta anviwònman Ayiti kesyonnen ak fòs fanm ak gason, lè yon sitwayen angaje, konsyantize nan konba pou chwazi lib-e-libè, ki kalite rejim politik yo vle pou peyi a. Malgre kriz politik yo, konsekans dirèk rapò ant sosyete a ak leta santralize pwotektè a, li klè, veritab pasaj nan transfòmasyon peyi a ap rive kanmenm gras ak yon revèy sitwayen angaje ; L ap rive tou nan rapò kòt-a-kòt ak pouvwa lokal yo, ni nan benefis, metriz teritwa a, ni nan pran epi patisipe ak kominote yo, nan politik piblik yo.
Pandan twa (3) dènye syèk yo, anpatikilye pandan peryòd okipasyon ameriken 1915 la, Ayiti te viv yon kous enfènal nan ratibwaze anviwònman li, se te konsekans yon bann ak yon pakèt politik piblik ki te swa deyò, ki pa t kadre ditou ak reyalite teritwa a epi ki lakòz destriksyon espas vital ak byodivèsite a.
Leta ti klan yo, Leta santralize a, se mwayen pou repwodwi sistèm esklizyon an, mete deyò majorite popilasyon a patikilyèman nan tabli politik piblik ki kapab atake defi peyi a.
• Devan degradasyon kondisyon lavi majorite popilasyon ayisyen an, fi kou gason;
• Lè nou konsidere prèske pa gen konfyans ant otorite Leta yo, patikilyèman nan nivo pouvwa santral ak sitwayen yo (fi kou gason) ;
• Lè nou konstate nan ki pwen espas vital la delabre, anpatikilye byodivèsite a, ak anvi-wònman nou ;
• Lè nou gade wotè sitiyasyon esklizyon ak jan sosyete nou an majinalize ;
• Lè nou konsidere, li lè li tan pou sitwayen yo, fi kou gason, angaje yo na redrese peyi a nan nivo lokal, depatmantal ak nasyonal ;
• Lè nou konsidere jan peyi a pa granmoun tèt li, epi jan kominote entènasyonal ap foure bouch li nan zafè peyi a nan yon nivo ki pa t janm rive depi listwa n kòm pèp ;
• Li enpòtan pou n ranmase pakèt kesyon sa yo ki dwe mennen nou nan chache amoni epi konstwi yon nouvo altènativ pou sitwayen yo ;
• Kijan pou nou devlope mouvman sitwayen ki ka reprann souverènte nasyonal nou pou konstwi yon LETA nan sèvis sitwayen yo, fi kou gason ? Kijan pou n devlope batay de-kolonize pou defann enterè nasyonal yo epi devlopman richès peyi a pou patisipe nan konstriksyon byennèt tout moun ?
• Kouman pou n enflyanse tabli bonjan politik piblik pou leve defi degradasyon anraje anviwònman an, diminisyon byodivèsite a ak efè chanjman klimatik yo ?
• Kijan pou n garanti yon dinamik devlopman lokal atravè yon dyalòg ant konesans yo, ant nivo pouvwa a ak aktè lokal yo ?
Defi yo global, konsekans yo lokal, enben batay yo dwe batay estratejik antan n ap konsidere diferan dimansyon / aspè pwoblèm nan : politik, ekonomik, sosyal, kiltirèl.
Yon gwo defi pou n atake, se nivo òganizasyon estrikti aksyon sitwayen an. Pou fè sa nou mete sou pye espas refleksyon estratejik epi konstriksyon aksyon tout moun pou transfòme desten nou kòm pèp.
Plizyè dispozisyon Lalwa gen tan pran pou garanti dinamik desantralizasyon peyi a ak pèmèt kolektivite teritoryal yo granmoun tèt yo :
• Konstitisyon 29 mas 1987 ;
• Lwa 28 mas 1996 sou òganizasyon Kolektivite Teritoryal Seksyon kominal ;
• Lwa 18 jen 1996 ki kreye yon fon jesyon ak devlopman Kolektivite Teritoryal yo (FGDCT) ;
• Dekrè 1e fevriye 2006 ki fikse kad jeneral desantralizasyon ak prensip òganizasyon ak fonksyònman Kolektivite teritoryal Ayiti yo ;
• Dekrè 1e fevriye 2006 ki fikse òganizasyon ak fonksyònman seksyon kominal, dapre Konstitisyon an ak nan bi pou founi popilasyon an yon pi bon sèvis, tankou devlopman lokal ak demokrasi ;
• Dekrè 1e fevriye 2006 ki fikse òganizasyon ak fonksyònman Kolektivite Minisipal, Komin oubyen Minisipalite ;
• Dekrè 1e fevriye 2006, ki fikse règ ak prensip pou fonksyònman Kolektivite depatman yo dapre Konstitisyon an.
Anèks 1 montre sou fòm tablo, pataj responsabilite selon chan pouvwa la pou Seksyon Kominal, Komin ak Depatman yo.
Men tou gen lòt dispozisyon legal pou pwoteje anviwònman an, byodivèsite a, espas vital Ayiti :
• Dekrè 12 oktòb 2005 sou Jesyon Anviwònman ak Règ kondwit Sitwayen yo (fi / gason) pou yon devlopman dirab ;
• Arete 10 jiyè 2013 ki entèdi pwodiksyon, enpòtasyon, komèsyalizasyon ak itilizasyon pwodwi an polyetilèn yo, entran ak bagay an polistirèn ekspanse, elt.
Jounen jodi a, li fasil konstate aplikasyon tèks lwa sa yo pa yon priyorite.
Kouman nou ka esplike parès Leta ayisyen nan aplike dispozisyon Lalwa sa yo, limenm te adopte, menmsi se te sou presyon aktè nan sosyete sivil la ?
Kouman sitwayen, fi kou gason, kapab ansanm enflyanse nan bon sans transfòmasyon nesesè pou garanti byennèt tout moun ?
Devan Leta k ap pèdi pouvwa l chak jou ak fòs reprezantasyon l, ki dekonekte, ki pa konsènen nan enterè jeneral, divès sektè angaje yo nan konstriksyon mouvman sitwayen yo pou patisipe nan chanjman ak plizyè aksyon sitwayen nan tout peyi a. Se konsa pou nou tabli Kontra pou Tranzisyon Ekolojik ak Sosyal la, ki dwe depase yon senp dokiman, men ki dwe yon pwolonjman yon mouvman sitwayen ki ap kontribye nan rann pèp ayisyen vin granmoun tèt li tout bon vre.
Kontra sa a gen 5 gwo chantye, chantye sa yo konsènen tout mouvman k ap travay pou diyite moun, solidarite, byennèt tout moun, konsèvasyon byodivèsite, yon modèl gouvènans patisipasyon, transparans, epi sitou nan mete kanpe politik piblik pou garanti jistis sosyal. Konsa, nan 5 pati sa yo : Klima ak byodivèsite, Jistis sosyal ak solidarite, Demokrasi ak Sitwayènte, Administrasyon piblik, Ekonomi. Nou debat ak adopte yon pakèt pwopozisyon k ap pèmèt nou mete sou pye estrateji sitwayen pou mennen yon pledwaye politik anfavè politik piblik ki soti anndan peyi a « men tou, fè popilasyon yo, fi kou gason ki konsyantize epi òganize, mobilize devan tout sitiyasyon nou pa dwe aksepte, tout sitiyasyon ki kont dwa ak devwa tout moun rekonèt » (Dumas, 2004, site nan Masson, 2015).