Ti Mag’ Numéro 9: Non au styrofoam en Haïti
Gade byen, li pwòp, li pratik, li lejè, li bon mache.
Ti asyèt gwo asyèt, gwo bòl ti bòl, gwo gode ti gode, bwat manje/anbwate; li la tout kote.
Nan Ayiti li la toupatou. Nan ajans koperasyon yo, nan « ONG », nan gran restoran yo, nan ti restoran lari yo, anbadra, nan pwebwa, nan ravin yo, nan kannal irigasyon, nan mang bò lanmè yo, nan lanmè, nan pwason.
Se yon kansè, se yon bonm kap kouve. Li bouche egou yo. Li se sous polisyon. Li pa dekonpoze, yo paka resiklle li. Menm si li ta kraze tounen poud, ti grenn piti sa yo polye. Lè yo boule l, lafimen l se pwazon.
Yo rele li bwat manje, anbwate, bwat fom.
Li jennen (plizoumwen , mwens pase plis) reskonsab politik yo, ak kèk lòt oganizasyon , paske yo tout sèvi avèk li. Yo tout, yo vyole lalwa, depi Arete Ministeryèl 10 jiyè 2013 la ki entèdi pwodiksyon, enpòtasyon, komès ak sèvi sou nenpòt ki fòm, sak plastik an polyetilèn ak tout lòt bagay an polistirèn ekspanse (PSE ouben PS ouben estiwofom) pou sèvis manje, tankou plato, veso lejè, boutèy, sache, gode, asyèt.
Yon Arete anplis ki pa sispann anyen.