Groupe d’Action Francophone pour l’Environnement
20 ans de militantisme et d’action de terrain

Accueil > Nos publications > Environnement > Ti Mag’ Numéro 10 : Le jardin pédagogique

Ti Mag’ Numéro 10 : Le jardin pédagogique

Fè jaden lekòl, se pa sèlman plante chou ak kawòt. Non ! Yon jaden lekòl pote tout yon metòd pou aprann, fè aprantisaj epi, fòme tout moun nan.
Se yon zouti pratik pou edikasyon sitwayen pou abòde tout pwoblèm anviwònman yo ki konsènen elèv nan lavi chak jou yo nan lekòl, lakay ak nan kominote a (polisyon, chanjman klimatik, pèdi byodivèsite a…).
Jaden lekòl pèmèt tou, nan yon tèt ansanm, devlope plizyè atitid ak konpòtman ki patisipe nan fè aprann viv annekip.
Jaden pedagojik la rapwoche elèv yo nan yon anviwòman natirèl, ki twò souvan rete lwen yo. Anbelisman ak amelyorasyon espas lekòl la, patisipe nan fè elèv yo vin ouvè, epi konprann yon lòt.
Manke konesans, sipèstisyon se de pi gwo lènmi pou byodivèsite nan Ayiti. Nan laperèz yo touye ensèk yo (ti bèt piti piti yo), yo detwi zwazo yo pou jwe, yo maltrete yo ak inyorans, yo polye. Men, san divèsite byolojik la, se tout ekilib natirèl yo ki menase ; anfinal se byennèt espès moun nan ki echwe.
Moun nan, li fè yon sèl ak anviwònman an ; li depann sou li pou respire, pou jwenn manje, pou bati kay li … Pran konsyans, se yon premye pa pou nou kole ak lesansyèl la.
Kite ekran nou yo pou kèk minit, swiv ewo nou yo nan yon nouvo avanti…