Groupe d’Action Francophone pour l’Environnement
18 ans de militantisme et d’action de terrain

Accueil > Nos publications > Environnement > Ti mag’ Numéro 8 : Les femmes face au changement climatique

Ti mag’ Numéro 8 : Les femmes face au changement climatique

Nan Ayiti, sosyete a bay fanm ak gason wòl ak responsabilite diferan. Fanm yo rete lakay, okipe timoun. Gason yo ale travay deyò, yo fè travay ki di. Men nan laverite, fanm yo fè preske tout travay. Yo pote pitit yo pandan 9 mwa nan vant, yo leve yo, bay yo ledikasyon, pran swen yo, bay yo manje. Manman nou yo redi chak jou, kou bourik nan travay lakay. Yo pase anpil tan nan bwote dlo, nan travay latè, nan ale vann rekòt nan mache pou satisfè bezwen tout fanmi an. Souvan fanm yo travay pi di pase gason yo. Epoutan yo reklame yon dwa pou yo se mèt fanm yo, epi pran desizyon nan fanmi ak nan kominote a san yo pa koute, pran dizon fanm yo. Chanjman klimatik yo fè vin gen plis inegalite ant fanm ak gason yo. Degradasyon anviwònman fè travay fanm yo vin pi lou, pi di. Yo vin gen mwens tan pou òganize yo, defann dwa yo. Atansyon, nou pa dwe konsidere fanm yo kòm senp viktim, yo se pati solisyon an menm. Yo se sous lespwa. Gras ak konesans yo, eksperyans yo nan kesyon agrikilti, kapasite yo pou kenbe sekirite nan kesyon manje epi jere lajan yo, fanm yo okipe yon pozisyon estratejik pou rive kwape konsekans chanjman klimatik yo. Eske nou pa di nan Ayiti, fanm yo se “poto mitan” paske yo pote sou zepòl yo, tout yon monn, pou fanmi ak anviwònman yo. N ap espere w ap jwenn, nan ti istwa Ti Mag pote pou ou, tout eleman lide pou diskite, reflechi.